Jeremiah 39:16
-Al pale ak Ebèdmelèk, moun peyi Letiopi a. W'a di li men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral fè tou sa mwen te di ki gen pou rive a rive vre. Se va pou malè lavil la, se p'ap pou byen li. Lè sa a, w'a la pou wè tout bagay.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Antan Jeremi te nan prizon nan lakou gad palè yo, Seyè a te pale avè l' pou di l' konsa:
Cross References
2 Chronicles 36:21Se konsa, sa Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an rive vre: Pandan swasanndizan tè a pral rete san yon moun ladan l', li pral pran repo pou tout jou repo yo pa t' janm ba li a.
Psalms 92:11(092:12) Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele.
Jeremiah 19:11W'a di yo: Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a: Mwen pral kraze pèp sa a ak tout lavil sa a. Yo pral tankou yon kannari kraze ki pa ka ranje ankò. Yo pral antere moun ata nan Tofèt, paske p'ap gen plas ankò lòt kote pou antere yo.
Jeremiah 21:10Wi, mwen pral fè kichòy pou lavil sa a, men se va pou malè yo, pa pou byen yo. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Mwen pral lage l' nan men wa Babilòn lan. Li pral boule l' ratè.
Jeremiah 26:15Tansèlman, si nou touye m', konnen se lanmò yon inonsan n'ap gen ni sou konsyans nou, ni sou konsyans moun ki rete nan lavil la. Paske, sa m'ap di nou la a, se vre wi, se Seyè a menm ki voye m' pou m' fè nou tande tout pawòl sa yo.
Jeremiah 26:20Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t'ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t'ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida.