Jeremiah 4:22
Seyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m'! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Kilè m'a wè bout batay la? Kilè m'a sispann tande twonpèt lagè a?
23Mwen gade tè a: Pa yon pyebwa! Anyen menm! Mwen gade syèl la: Pa yon ti limyè!
Cross References
Genesis 39:16Madanm lan kite rad la bò kote l', li tann mèt Jozèf la tounen lakay la.
Deuteronomy 32:28Pèp Izrayèl la, se yon pèp ki pèdi bonnanj yo. Yo pa gen konprann.
2 Samuel 16:21Achitofèl reponn: -Al kouche ak lòt fanm kay papa ou yo, sa li kite dèyè pou okipe palè a. Lè sa a, tout moun nan peyi Izrayèl la va konnen bagay la gate nèt ant ou menm ak papa ou. Konsa, moun ki avè ou yo ap vin pi ankouraje.
Psalms 36:4(036:5) Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal.
Isaiah 1:3Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li ba l' manje. Men, pèp Izrayèl la menm pa konn bagay konsa. Pèp mwen an pa konprann anyen.
Isaiah 27:11Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pa t' konprann anyen, Bondye ki te kreye l' la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l' la p'ap fè l' gras.