2 Samuel 16:21
Achitofèl reponn: -Al kouche ak lòt fanm kay papa ou yo, sa li kite dèyè pou okipe palè a. Lè sa a, tout moun nan peyi Izrayèl la va konnen bagay la gate nèt ant ou menm ak papa ou. Konsa, moun ki avè ou yo ap vin pi ankouraje.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Apre sa, Absalon vire bò Achitofèl, li di l' konsa: -Ann antann nou sou sa nou pral fè koulye a.
Cross References
Genesis 6:4Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo.
Genesis 35:22Antan Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Woubenn al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l' yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. Jakòb te gen douz pitit gason.
Genesis 49:3Ou menm, Woubenn, premye pitit gason mwen, ou se fòs mwen, premye pitit mwen fè. Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fòs, se ou ki pi gwonèg.
Leviticus 20:11Depi yon nonm kouche madanm papa l', li jete dezonè sou papa l'. Se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.
1 Samuel 27:12Akich menm te fè David konfyans. Li t'ap di nan kè l': -Msye tèlman fè moun pèp Izrayèl yo rayi l', l'ap blije rete pase tout rès lavi l' ap sèvi m'.
2 Samuel 10:6Moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo voye chache venmil (020.000) sòlda lavil Bètreyòb ak lavil Zoba nan peyi Aram lan, ak douzmil (012.000) gason lavil Tòb. Yo voye chache wa lavil Maka a tou ansanm ak mil (01.000) sòlda. Yo peye yo pou yo vin goumen pou yo.