Jeremiah 46:2
Mesaj sou peyi Lejip. Men sa li di sou lame farawon Neko, wa peyi Lejip ki te lavil Kakemich, bò larivyè Lefrat. Se lame sa a Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te bat byen bat. Lè sa a, Jojakim, pitit Ozyas la, te gen katran depi li te wa nan peyi Jida.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Men mesaj Seyè a bay pwofèt Jeremi sou lòt nasyon yo:
Cross References
2 Kings 24:7Wa peyi Lejip la pa janm soti kite peyi l' la ankò, paske wa peyi Babilòn lan te pran tout zòn ki te pou wa peyi Lejip la, depi larivyè Lefrat rive nan ravin Lejip.
Isaiah 10:9Mwen pran lavil Kalno menm jan mwen te pran lavil Kakemich. Mwen pran lavil Amat menm jan mwen te pran lavil Apad. Mwen pran lavil Samari menm jan mwen te pran lavil Damas.
Isaiah 19:19Lè sa a va gen yon lotèl pou Seyè ki gen tout pouvwa a nan peyi Lejip. Sou fwontyè peyi a, y'ap kanpe yon gwo wòch y'ap mete apa pou Seyè a.
Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.
Jeremiah 36:1Seyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, t'ap mache sou katran depi li te wa peyi Jida. Men sa Seyè a te di Jeremi:
Jeremiah 46:14-Fè piblikasyon nan tout peyi Lejip la. Fè tout moun lavil Migdòl, lavil Menmfis ak lavil Tapanès konnen. Di yo: Leve non, pare pou defann nou. Lagè fin detwi tou sa ki bò kote nou.