Jeremiah 49:36
M'ap fè van leve nan tout direksyon pou soufle sou peyi Elam lan. M'ap gaye yo nan tout direksyon sou latè. M'ap mete tout moun li yo deyò. p'ap gen peyi sou latè kote ou p'ap jwenn yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:25L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n' atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.
Psalms 147:2Seyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo.
Isaiah 16:3Y'ap di moun peyi Jida yo: -Ban nou ti konsèy non! Di nou sa pou nou fè! Pwoteje nou anba zèl ou, tankou yon pyebwa k'ap bay bon lonbray fre gwo midi. Se chape n'ap chache chape kò nou. Tanpri, kache nou. Pa lage nou nan men lènmi nou yo.
Isaiah 56:8Men sa Seyè a, Bondye a, di, li menm ki te fè moun pèp Izrayèl yo te depòte yo sanble nan peyi yo a ankò: Anplis moun pèp mwen an, mwen va sanble yon bann lòt moun ankò ansanm ak yo.
Jeremiah 49:32Yo pral pran tout chamo yo, yo pral separe tout kabrit ak mouton yo. Wi, m'ap gaye yo nan tout direksyon, bann moun sa yo ki koupe cheve yo kout. Kote yo pase m'ap fè malè tonbe sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Ezekiel 5:12Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe.