Jeremiah 7:21
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Pran tout vyann nou te konn ofri pou boule nan dife, mete yo sou vyann bèt nou touye yo. Lèfini, manje tout.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 50:8Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.
Jeremiah 6:20Ki mele m' ak lansan y' al chache nan peyi Saba, ak plant santi bon ki soti nan peyi byen lwen! Zannimo n'ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m' plezi menm. Bèt n'ap touye pou mwen yo pa di m' anyen.
Amos 5:21Seyè a di konsa: Mwen pa vle wè gwo fèt n'ap fè pou mwen yo. Mwen pa ka santi yo. Mwen pa ka sipòte lè nou reyini pou fè sèvis pou mwen.