Jeremiah 7:28
W'a di yo: se yon nasyon ki pa koute sa Seyè a ap di yo yo ye. Malgre Bondye pini yo, yo pa chanje. Pesonn pa kenbe pawòl yo ak li. Yo pa pale sou sa menm ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Se poutèt sa, Jeremi, ou pral di yo tou sa, men yo p'ap koute ou. W'ap rele yo, men yo p'ap reponn.
Cross References
Psalms 12:2(012:3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.
Proverbs 1:7Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann.
Isaiah 30:9Yo toujou ap fè tèt di ak Bondye. Se yon bann pitit ki toujou ap bay manti, ki pa vle koute lòd Bondye, Seyè a.
Jeremiah 2:30Mwen te pini pitit nou yo, men sa pa t' sèvi anyen. Nou pa t' dakò pou m' te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.
Jeremiah 5:3Seyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou!
Jeremiah 6:28Se yon bann move moun ki pa soti pou yo chanje. Y'ap mache pale moun mal. Tèt yo di tankou wòch ak fè. Se yon bann lwijanboje.