Jeremiah 7:29
Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Seyè a pa vle wè moun ki fè l' fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:5Se yo menm, pèp li a, ki pa kenbe pawòl yo, bagay yon bon pitit Bondye pa ta janm fè. Se yon bann mechan k'ap mache twonpe moun.
Job 1:20Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l', li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l' atè, li bese tèt li.
Jeremiah 6:30Yo rele yo vye lajan san valè, paske mwen menm Seyè a, mwen voye yo jete.
Jeremiah 9:17Men sa Seyè a di ankò: -Kalkile sou sa ki gen pou rive a! Rele medam yo pou yo vin kenbe rèl la pou nou! Voye chache sa ki konn rele yo! Fè yo vini!
Jeremiah 16:6Tout moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pesonn p'ap kriye pou yo. Pesonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo.
Jeremiah 48:37Yo tout, yo kale tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo, yo kòche tout men yo ak kouto, yo mare sak nan ren yo.