The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 7 › Jeremiah 7:3

Jeremiah 7:3

Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Se pou nou chanje jan n'ap viv la! Manyè sispann fè sa n'ap fè a pou m' ka kite nou viv isit la.

Bib La

In The King James Version

Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel, Amend your ways and your doings, and I will cause you to dwell in this place.

In Context

2-Al kanpe devan gwo pòtay kay Bondye a. Pale byen fò, epi di: Nou tout moun peyi Jida k'ap vini pase nan pòtay sa a pou n' al fè sèvis pou Seyè a, koute sa Seyè a voye di nou.

4Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Anyen p'ap rive nou la.

Read all of Jeremiah 7

Cross References

Ezra 10:11Men koulye a, rekonèt devan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, sa nou fè ki mal la. Fè sa li vle nou fè a: pran distans nou ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Separe ak fanm nou te pran pami lòt nasyon yo pou madanm.

Isaiah 1:16Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!

Isaiah 55:7Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.

Jeremiah 7:5Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri.

Jeremiah 18:11Bon! Koulye a, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Seyè a voye di yo: M'ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n'ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal.

Jeremiah 35:15Mwen pa janm sispann voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m'.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 7:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 7:2Jeremiah 7Jeremiah 7:4 →