The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 7 › Jeremiah 7:4

Jeremiah 7:4

Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Anyen p'ap rive nou la.

Bib La

In The King James Version

Trust ye not in lying words, saying, The temple of the LORD, The temple of the LORD, The temple of the LORD, are these.

In Context

3Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Se pou nou chanje jan n'ap viv la! Manyè sispann fè sa n'ap fè a pou m' ka kite nou viv isit la.

5Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri.

Read all of Jeremiah 7

Cross References

1 Samuel 4:3Lè sa a, sa ki te chape yo tounen nan kan yo a, tout chèf ki te reskonsab pèp Izrayèl la di: -Poukisa Seyè a kite moun Filisti yo bat nou konsa jòdi a? Ann al pran Bwat Kontra Seyè a ki lavil Silo pou li ka nan mitan nou. Konsa l'a delivre nou anba men lènmi nou yo.

Isaiah 59:4Lè n' al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè.

Jeremiah 7:8Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen.

Jeremiah 29:23Se sa k'ap rive yo, paske yo te yon gwo wont pou pèp Izrayèl la. Yo fè adiltè ak madanm jwif parèy yo, lèfini y'ap pran non mwen pou bay manti, pou bay mesaj mwen pa t' mete nan bouch yo. Mwen konnen sa yo fè, mwen te wè yo ak je m'. Se Seyè a menm ki di sa.

Ezekiel 13:19N'ap derespekte mwen devan pèp mwen an. Pou kèk ponyen grenn lòj ak kèk moso pen n'ap touye moun ki pa merite mouri, n'ap sove moun ki pa merite viv ankò. N'ap bay pèp mwen an yon bann manti. Yo menm, yo byen kontan kwè nou.

Zephaniah 3:11Jou sa a, nou menm pèp mwen an, nou p'ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m' sou mòn ki apa pou mwen an.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 7:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 7:3Jeremiah 7Jeremiah 7:5 →