Jeremiah 7:32
Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Yon lè yo p'ap rele kote sa a Tofèt, osinon Fon Benninon, men Fon Masak: Se la y'a antere moun, paske p'ap gen plas lòt kote ankò pou antere yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Kadav moun yo va sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa. P'ap gen pesonn pou pouse bèt yo ale.
Cross References
Leviticus 26:30M'a detwi tout kay nou bati sou tèt mòn pou fè sèvis, m'a kraze lotèl lansan nou yo mete atè, m'a anpile kadav nou yo atè sou moso estati vye zidòl nou yo. N'a ban m' degoutans.
Jeremiah 7:31Nan Fon Benninon an, yo bati yon lotèl yo rele Tofèt pou yo ka boule pitit gason ak pitit fi yo nan dife sou li. Sa se bagay mwen p'ap mande yo fè, bagay ki pa janm vin nan lide m' pou m' mande yo fè.
Jeremiah 19:11W'a di yo: Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a: Mwen pral kraze pèp sa a ak tout lavil sa a. Yo pral tankou yon kannari kraze ki pa ka ranje ankò. Yo pral antere moun ata nan Tofèt, paske p'ap gen plas ankò lòt kote pou antere yo.
Jeremiah 31:40Y'a pran tout fon ki sèvi pou antere kadav ak pou boule fatra a, tout tè ki soti depi bò ravin Sedwon an rive nan kwen Pòtay Chwal yo sou bò lès, y'a mete yo apa pou mwen. Yo p'ap janm kraze, ni yo p'ap janm demoli yo ankò.
Ezekiel 6:5M'ap gaye kadav moun pèp Izrayèl yo devan tout vye zidòl yo, m'ap mache gaye zosman yo tout bò lotèl yo.