Jeremiah 9:3
Yo toujou pare pou bay manti. Se metye yo sa. Se sa ki penmèt yo rive vin chèf nan peyi a. Y'ap fè dezaksyon sou dezaksyon. Yo pa konnen m' ankò. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 2:10Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansèt yo anba tè. Apre yo, te vin gen yon lòt jenerasyon moun ki te bliye ni Seyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la.
1 Samuel 2:12Pitit gason Eli yo te yon bann vòryen. Pou yo, Seyè a pa t' egziste,
Psalms 64:3(064:4) Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon.
Proverbs 12:5Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l' fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou.
Isaiah 59:3San ap koule sou tout dwèt nou. Nou foure men nou nan tout kalite mechanste. Bonjou nou pa laverite. Depi nou louvri bouch nou se kout lang n'ap bay.
Jeremiah 4:22Seyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m'! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.