Job 10:12
Lèfini, ou fè m' kado lavi. Ou veye avèk prekosyon pou m' pa mouri.
Bib La
In The King James Version
Thou hast granted me life and favour, and thy visitation hath preserved my spirit.
In Context
11Ou fè tout zo ak tout venn nan kò m'. Ou kouvri yo ak vyann epi ak po.
13Men, ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou. Koulye a, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen.
Cross References
Genesis 19:19Gade, ou deja fè m' yon gwo favè. Ou moutre m' jan ou gen pitye anpil pou mwen. Ou sove lavi m'. Men, mòn lan twò lwen. m'a mouri anvan m' rive, malè a va gen tan rive sou mwen.
Matthew 6:25Se poutèt sa, mwen di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Eske lavi a pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad?
Acts 17:28Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li nou ka bay kò nou mouvman, se nan li nou gen legzistans. Gen nan poèt nou yo ki te di menm bagay la: Nou menm tou, nou se pitit li.