Job 11:6
Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Pa pito Bondye ta pale pou l' reponn ou!
Cross References
Deuteronomy 29:29Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l' pou li menm. Men, bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye pou nou ka fè tou sa li mande nou fè nan lalwa a.
Job 9:4Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa.
Job 15:8Eske ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun?
Job 28:28Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.
Psalms 25:14Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.
Psalms 106:43Seyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche.