Job 9:4
Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l' venmil keksyon, li p'ap ka reponn yonn menm.
5Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen.
Cross References
Exodus 9:14Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m' sou tout latè.
Exodus 14:17M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame l' a, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen.
2 Chronicles 13:12Se Bondye menm ki alatèt nou avèk prèt li yo. Yo tou pare pou kònen twonpèt yo pou bay siyal mache pran nou. Se poutèt sa, nou menm moun peyi Izrayèl yo, pa fè lagè ak Seyè a, Bondye zansèt nou yo. Paske se nou k'ap anba.
Job 6:10Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay.
Job 11:6Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.
Job 15:13W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l'.