Job 14:21
Moun fè lwanj pitit mò yo, men mò yo menm yo pa konn anyen. Moun pase yo nan betiz, men yo menm, sa pa di yo anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Ou kraze yo nèt anba men ou, epi yo mouri. Ou fè moun pa ka rekonèt yo, epi ou voye yo ale.
22Yon sèl soufrans yo santi se sa k'ap manje yo nan tout kò yo a. Se pou tèt pa yo ase y'ap plenyen!
Cross References
1 Samuel 4:20Men, medam ki te la avè l' yo wè l'ap mouri, yo di l' konsa: -Pran kouraj, machè! Ou fè yon pitit gason. Men li pa reponn anyen, li pa okipe yo.
Psalms 39:6(039:7) Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo.
Ecclesiastes 9:5Wi. Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen. Yo pa bezwen tann anyen ankò pou sa yo fè. Talè konsa tout moun bliye yo.
Isaiah 63:16Se ou menm ki papa nou. Abraram pa konnen nou. Izrayèl pa rekonèt nou! Se ou menm, Seyè, ki papa nou. Se ou menm ki toujou delivre nou!