Job 2:11
Twa nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouraj.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 25:2Ketoura fè sis pitit pou li: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak.
Genesis 36:15Men chèf branch fanmi pitit pitit Ezaou yo. Men non tout pitit gason Elifaz, premye pitit gason Ezaou a: Se te Teman, Oma, Zefo, Kenaz,
Genesis 37:35tout lòt gason l' yo ansanm ak pitit fi l' yo te vin ba l' kouraj, men li te refize tande sa yo t'ap di l'. Li t'ap plede repete: -M'ap kriye pou pitit gason m' lan jouk m al jwenn li lè m'a mouri. Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l' lan.
1 Chronicles 1:32Abraram te gen yon lòt fanm kay ki te rele Ketoura. Ketoura sa a fè sis pitit gason pou li. Men non yo: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te gen de pitit gason. Se te Seba ak Dedan.
Job 4:1Elifaz, moun Teman an, pran lapawòl, li di konsa:
Job 6:19Vwayajè ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tèt yo chache dlo.