Job 2:13
Apre sa, yo chita atè a bò kot Jòb pandan sèt jou sèt nwit san di yon mo, paske yo te wè jan l'ap soufri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 1:5Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te premye jou a.
Genesis 50:10Lè yo rive nan glasi Atad ki lòt bò larivyè Jouden, kote sòlèy leve a, yo pran rele byen fò. Jozèf te fè yo fè sèvis la pandan sèt jou pou papa l'.
Nehemiah 1:4Lè m' tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la.
Psalms 77:4(077:5) Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.
Isaiah 47:1Ou menm, lavil Babilòn, desann sou fotèy ou a! Al chita atè nan pousyè! Yon lè, ou te tankou yon jenn tifi. Wi, kapital moun peyi Kalde yo pral chita atè plat, yo p'ap janm konsidere ou ankò tankou yon bèl tifi ki renmen plezi, ki pa nan leve ni lou ni lejè.
Ezekiel 3:15Se konsa mwen rive lavil Tèl Abid toupre larivyè Keba kote moun yo te depòte yo te rete a. Pandan sèt jou, mwen rete la nan mitan yo, tou dekontwole apre tou sa m' te wè ak tou sa m' te tande.