Job 2:9
Madanm li di l' konsa: -Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l' byen joure, epi mouri mouri ou kont fini!
Bib La
In The King James Version
Then said his wife unto him, Dost thou still retain thine integrity? curse God, and die.
In Context
Cross References
Genesis 3:6Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l' pou je l' ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l' ki manje tou.
Judges 14:17Pandan tout sèt jou fèt nòs la, li pa t' sispann kriye nan zòrèy Samson. Sou setyèm jou a, Samson ba li sekrè kont la paske fanm lan t'ap anbete l' twòp. Lèfini fanm lan soti al di ras li yo sa kont lan vle di.
2 Kings 6:33Elize pankò fèmen bouch li, lè wa a rive devan l'. Wa a di l' konsa: —Se Seyè a ki voye malè sa a sou nou! Sa m' bezwen rete ap tann li fè kichòy pou nou ankò?
Job 2:3Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se koulye a li kenbe m'. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m' pou m' te fini avè l'.
Job 21:14Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la.