Job 20:28
Yon sèl dlo desann va pote kay li ale, jou Bondye va fè kolè sa a sou li.
Bib La
In The King James Version
The increase of his house shall depart, and his goods shall flow away in the day of his wrath.
In Context
27Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal. Latè kanpe pou denonse l'.
29Wi, se sa Bondye sere pou mechan yo. Se sa mechan yo pral resevwa nan men Bondye.
Cross References
2 Kings 20:17Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.
Job 20:10Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs.
Job 21:30Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo!
Job 31:12Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m' nèt. Li ta boule dènye sa m' genyen.
Zephaniah 1:18Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.
James 5:1Koulye a, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo.