Job 22:23
Wi, tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou. Sispann fè sa ki mal lakay ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Koute pawòl li t'ap di ou yo. Kenbe yo nan kè ou.
24Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè.
Cross References
2 Chronicles 33:13Li lapriyè Bondye, Bondye tande lapriyè l' la, li ba li sa l' te mande a. Li fè l' tounen lavil Jerizalèm pou li al pran plas li ankò. Se konsa Manase vin konprann se Seyè a ki Bondye vre.
Job 8:6Si li pa gen anyen pou l' repwoche ou, si ou toujou mache dwat devan li, lè sa a, ou mèt sèten, l'a fè kichòy pou ou, l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen.
Job 12:14Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l'. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l'.
Psalms 130:4Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.
Isaiah 31:6Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Koulye a, tounen vin jwenn mwen!
Isaiah 55:6Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.