Isaiah 55:6
Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.
Bib La
In The King James Version
Seek ye the LORD while he may be found, call ye upon him while he is near:
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:7Paske pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen yon Bondye toupre yo, yon Bondye k'ap kanpe la avèk yo, tankou Seyè a, Bondye nou an, fè l' pou nou chak fwa nou rele l'.
2 Chronicles 19:3Men malgre sa, ou fè kèk bagay ki bon. Ou te kraze tout pòtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lèfini ou te chache fè volonte Bondye.
Job 8:5Ou menm menm, rele Bondye. Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a.
Psalms 27:8Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè.
Psalms 34:19(034:20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo.
Psalms 95:7Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou: