Job 31:19
Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra,
Bib La
In The King James Version
If I have seen any perish for want of clothing, or any poor without covering;
In Context
20mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe.
Cross References
2 Chronicles 28:15Lè sa a, yo chwazi kat menm mesye sa yo pou yo reskonsab prizonye yo. Yo pran rad nan bagay sòlda yo te piye yo, yo mete sou moun ki te toutouni yo, yo biye yo, mete sapat nan pye yo, yo ba yo manje, yo ba yo bwè. Yo mete renmèd sou tout kote yo te blese. Yo fè tou sa ki te twò fèb yo moute bourik, yo mennen tout prizonye yo tounen lavil Jeriko, lavil Palmis yo, yo renmèt yo bay fanmi yo. Lèfini, yo tounen tounen yo lavil Samari.
Job 24:4Yo enpoze pòv yo jwenn sa ki vin pou yo. Yo fòse tout pòv malere kouri al kache.
Isaiah 58:7Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.
Matthew 25:43Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen.
Acts 9:39Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l' rive, yo mennen l' nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l' chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l' te la avèk yo.
1 John 3:18Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.