Job 31:34
Mwen pa janm pè sa moun ap di. Mwen pa janm pè louvri bouch mwen ni pè mete pwent tèt mwen deyò, paske mwen ta pè pou moun pa lonje dwèt sou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Mwen pa janm kache peche m' pou pesonn. Ni mwen pa janm fè sa ki mal an kachèt.
Cross References
Exodus 32:27Li di yo: -Men sa Seyè a, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la di: Se pou nou chak pran nepe nou, mache nan tout kan an, depi nan pòtay sa a rive jouk lòt bò a. Touye mezi moun ki tonbe anba men nou, kit se frè nou, kit se zanmi nou, osinon vwazinaj nou.
Nehemiah 5:7Lè m' fin kalkile bagay la byen nan kè m', mwen fè lide pa dòmi sou sa. Mwen denonse chèf yo, grannèg yo ak majistra yo. Mwen di yo se esplwate y'ap esplwate frè parèy yo. Mwen fè reyini tout moun pou diskite pwoblèm lan.
Nehemiah 13:28Jojada te pitit Elyachib, granprèt la. Yonn nan pitit gason l' yo te marye ak pitit fi Sanbalat, nèg lavil Bèt-Owon an. Mwen mete l' deyò pou m' pa janm wè l' devan je m' ankò.
Esther 4:14Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, Bondye ap toujou delivre pèp jwif la. Y'a sove, men ou menm, w'ap mouri epi fanmi ou ap disparèt. Ou pa janm konnen si se pa pou move pa sa a ou larenn jounen jòdi a.
Job 34:19Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout.
Proverbs 29:25Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Seyè a, ou pa bezwen pè anyen.