Nehemiah 5:7
Lè m' fin kalkile bagay la byen nan kè m', mwen fè lide pa dòmi sou sa. Mwen denonse chèf yo, grannèg yo ak majistra yo. Mwen di yo se esplwate y'ap esplwate frè parèy yo. Mwen fè reyini tout moun pou diskite pwoblèm lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Lè mwen menm, Neemi, mwen tande tout plent sa yo, tout pawòl sa yo, mwen te fache anpil.
Cross References
Exodus 22:25Si nou prete yonn nan frè parèy nou yo lajan, yonn nan pòv ki nan mitan nou yo, piga nou fè tankou moun k'ap bay ponya pou nou egzije l' peye enterè.
Leviticus 25:36Pa fè l' peye ankenn enterè, pa ba l' ponya. Gen krentif pou Bondye. Bay moun pèp Izrayèl parèy nou an yon chans pou l' viv tou.
Deuteronomy 23:19Piga nou janm fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou peye enterè lè nou prete l' lajan, osinon manje, osinon nenpòt lòt bagay.
2 Chronicles 19:6Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fè a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyè a. L'ap kanpe la bò kote nou lè n'ap rann jijman.
Psalms 4:4(04:5) Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n' sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.
Psalms 15:5Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l' bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!