Job 38:4
Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay!
Bib La
In The King James Version
Where wast thou when I laid the foundations of the earth? declare, if thou hast understanding.
In Context
3Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen.
5Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa?
Cross References
Job 15:7Manyè di m' non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè? Eske ou te fèt anvan tout mòn yo?
Psalms 102:25(0102:26) Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la.
Psalms 104:5Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'.
Proverbs 8:22Seyè a te fè m' lè li te fèk konmanse ak plan travay li. Li te fè m' lontan lontan anvan tout bagay.
Proverbs 30:4Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen?
Hebrews 1:10Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondye ki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la.