Hebrews 1:10
Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondye ki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad.
Cross References
Deuteronomy 4:19Konsa tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè.
Psalms 19:1(019:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (019:2) Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'.
Proverbs 8:29Mwen te la lè li t'ap bay dlo lanmè a limit pou l' pa depase, lè li t'ap poze fondasyon tè a.
Isaiah 48:13Se mwen menm ak men mwen ki fè latè. Se ak fòs ponyèt mwen mwen louvri syèl la. Lè m' rele yo, yo tout kouri vin nan pye m'.
Isaiah 64:8Men, Seyè, se ou ki papa nou! Se tè krich nou ye. Se ou menm k'ap ban nou fòm. Se ou menm ki te fè nou ak men ou.
Zechariah 12:1Men mesaj Seyè a bay pou fè konnen volonte l' sou moun pèp Izrayèl yo. Men desizyon li pran, li menm Seyè a, ki louvri syèl la nan plas li, ki kreye latè a epi ki bay moun lavi.