Job 4:2
-Jòb, si m' pale avè ou, ou p'ap fache, vye frè? Mwen pa ka pa pale.
Bib La
In The King James Version
If we assay to commune with thee, wilt thou be grieved? but who can withhold himself from speaking?
In Context
1Elifaz, moun Teman an, pran lapawòl, li di konsa:
3Yon lè, se ou ki te konn moutre moun anpil bagay, se ou ki te konn bay moun fòs lè yo fèb.
Cross References
Job 32:20Se pou m' pale pou m' ka soulaje konsyans mwen. Se pou m' louvri bouch mwen reponn ou.
Jeremiah 20:9Men, lè m' di: Mwen p'ap nonmen non Seyè a, mwen p'ap pale nan non l' ankò, mesaj ou yo te tankou yon dife nan zo m' k'ap boule tout anndan m'. Mwen fè sa m' kapab pou enpoze l' soti. Malgre sa, li soti soti l'.
2 Corinthians 2:4Wi. Lè sa a, kè m' te boulvèse anpil, kè m' te sere, se ak dlo nan je mwen te ekri nou. Mwen pa t' fè sa pou fè nou lapenn non. Se vle mwen te vle fè nou konnen jan m' renmen nou anpil.