Job 42:11
Tout frè ak sè l' yo ansanm ak tout ansyen zanmi l' yo vin wè li. Yo fè fèt avè l' lakay li. Yo fè l' konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Seyè a te voye sou li. Yo fè l' pran kouraj. Yo chak yo fè l' kado yon pyès ajan ak yon bag lò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 24:22Lè chamo yo fin bwè, nonm lan pran yon bèl zanno lò ki peze sis gram, li pase l' nan nen Rebeka. Li pran de bèl braslè ki peze san gram, li mete yo nan bra li.
Genesis 37:35tout lòt gason l' yo ansanm ak pitit fi l' yo te vin ba l' kouraj, men li te refize tande sa yo t'ap di l'. Li t'ap plede repete: -M'ap kriye pou pitit gason m' lan jouk m al jwenn li lè m'a mouri. Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l' lan.
1 Samuel 10:27Men te gen kèk vòryen ki t'ap di: -Ki jan jenn gason sa a ka rive delivre nou? Yo pa okipe Sayil menm, yo pa fè l' kado anyen. Sayil menm fè tankou li pa konprann.
Job 4:4Pawòl nan bouch ou te yon ankourajman pou moun ki te dekouraje. Ou te ede yo kanpe sou de pye yo ankò.
Job 16:5M' ta remoute kouraj nou ak konsèy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.
Job 19:14Tout fanmi mwen yo, tout bon zanmi m' yo disparèt. Moun mwen te konn resevwa lakay mwen bliye m'.