Job 6:24
Bon. Pale avè m'. Si m' antò, fè m' wè kote m' antò a. Lè sa a, m'a pe bouch mwen. M'a koute nou.
Bib La
In The King James Version
Teach me, and I will hold my tongue: and cause me to understand wherein I have erred.
In Context
25Pawòl ki pale verite bon pou tande. Men, m' pa wè sa nou vle di m' la a.
Cross References
Job 10:2M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m'. Fè m' konnen poukisa ou leve dèyè m' konsa.
Job 32:11Mwen tande byen tande tou sa nou di. Mwen te louvri zòrèy mwen gran louvri pou m' pa manke anyen nan pawòl nou yo, pandan n'ap chache mo pou nou di.
Job 33:1Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m'ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m'.
Job 34:32Tanpri. Louvri je m'. Fe m' wè sa m' fè a. Si mwen te aji ak mechanste, mwen p'ap rekonmanse ankò.
Psalms 32:8Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.
Proverbs 9:9Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.