Job 7:11
Se poutèt sa, m' pa ka pa pale. Kè m' sere. Kite m' pale pale m'. Lapenn kaye nan kè m'. Kite m' plenyen plenyen m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Li p'ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l'.
12Poukisa ou mete moun veye m' konsa? M' pa lanmè. M' pa gwo bèt lanmè.
Cross References
Genesis 42:21Yonn t'ap di lòt: -Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tout sa nou te fè l' la. Nou te wè ki jan sa te fè l' lapenn anpil, lè li t'ap mande nou fè l' gras. Men, nou pa t' vle koute l'. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a.
2 Kings 4:27Men lè li rive kot Elize, li lage kò l' atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l' pouse l', Elize di l' konsa: —Kite l'. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Seyè a pa kite m' konn sa. Li kache m' sa.
Job 10:1M' degoute ak lavi a. M' pa ka kenbe ankò. Kite m' plenn sò mwen! Kite m' di tout lapenn ki nan kè mwen!
Job 13:13Koulye a, pe bouch nou! Ban m' yon chans pou m' pale. Sa ki pou rive a te mèt rive!
Job 21:3Ban m' yon ti chans pou m' pale. Lè m'a fini, nou mèt pase m' nan betiz kont nou!
Job 23:2-Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l'. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l'.