Job 9:10
Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
Bib La
In The King James Version
Which doeth great things past finding out; yea, and wonders without number.
In Context
9Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo.
11Bondye te mèt ap pase toupre m', mwen pa ka wè l'. Li glise kò l', li ale.
Cross References
Exodus 15:11Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?
Job 26:12Avèk fòs ponyèt li, li fè lanmè a vin dou devan li. Avèk ladrès li, li kraze Raab, gwo bèt lèd la.
Job 37:23Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.
Psalms 72:18Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo.
Ecclesiastes 3:11Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a.
Daniel 4:2Se yon plezi pou mwen pou m' fè nou konnen mirak ak bèl bagay Bondye ki anwo nan syèl la fè pou mwen.