Job 9:17
Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen.
Bib La
In The King James Version
For he breaketh me with a tempest, and multiplieth my wounds without cause.
In Context
16Menm si li ta reponn mwen lè m' rele l', mwen pa kwè li ta koute sa m'ap di l'.
18Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt.
Cross References
Job 2:3Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se koulye a li kenbe m'. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m' pou m' te fini avè l'.
Job 2:13Apre sa, yo chita atè a bò kot Jòb pandan sèt jou sèt nwit san di yon mo, paske yo te wè jan l'ap soufri.
Job 16:12Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li.
Job 16:17Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'.
Job 30:22Ou fè van pote m' ale. M'ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m'.
Job 34:6Li di: Si m' di m' antò, se manti m'ap bay. Mwen malad pou m' mouri. Men, m' pa fè anyen ki mal.