Job 9:26
Yo kouri tankou bwa fouye sou larivyè, tankou malfini k'ap plonje sou ti poul.
Bib La
In The King James Version
They are passed away as the swift ships: as the eagle that hasteth to the prey.
In Context
25Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan.
27Si mwen di: Bon. M' p'ap plenyen ankò. M'ap chanje figi m', m'ap fè yon ti ri,
Cross References
Job 39:27Eske se ou ki bay malfini lòd pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo?
Isaiah 18:2Mesaje ap soti nan peyi sa a, y'ap desann larivyè Nil lan nan pipirit fèt ak wozo. Nou menm mesaje yo, mete zèl nan pye nou. Tounen lakay nou. Pote nouvèl la bay moun peyi nou an. Se yon gwo peyi ki fò anpil, ki gen anpil larivyè k'ap koule ladan l'. Al pote nouvèl la bay moun bèl wotè yo, ki gen po yo boule nan solèy. Se yon pèp tout moun pè.
Lamentations 4:19Moun ki t'ap kouri dèyè nou yo te pi rapid pase malfini k'ap plonje dèyè poul. Y'ap kouri dèyè nou nan tout mòn yo. Yo tann pèlen pou nou nan tout dezè a.