Joel 1:15
Ala yon gwo jou papa! Jou Seyè a pa lwen rive. Se jou Bondye ki gen tout pouvwa a ap vini kraze brize. Jou sa a ap bay gwo lapenn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 13:6Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l' devaste tè a.
Ezekiel 7:2-Nonm o! Men mesaj mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, mwen bay pou peyi Izrayèl la: Fini! Se fini tout peyi a nèt pral fini.
Ezekiel 7:7Sa pral fini nèt pou nou tout ki rete nan peyi a. Lè a ap pwoche, jou a pa lwen ankò lè p'ap gen kè kontan sou mòn yo. Se pral yon gwo kouri.
Ezekiel 7:12Wi, lè a rive, jou a ap pwoche. Moun k'ap achte yo pa bezwen fè kè yo kontan. Moun k'ap vann yo pa bezwen règrèt anyen paske chatiman Bondye pral tonbe sou tout richès ki nan peyi a.
Joel 2:1Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay siyal la sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, paske jou Seyè a pa lwen rive. L'ap pwoche.
Joel 2:31Solèy la pral vin tou nwa, lalin lan pral vin wouj kou san anvan jou Seyè a va rive. Aa! Se va yon gwo jou, yon jou k'ap fè moun tranble.