Joel 2:17
Nan lakou ki separe gwo pòtay tanp lan ak lotèl la, se pou prèt yo, sèvitè Seyè a, pran kriye. Se pou yo di: Pitye, Seyè, pitye pou pèp ou a. Pa kite moun lòt nasyon yo pase moun pa ou yo nan betiz pou fè yo wont, pou yo ta di: Kote Bondye yo a?
Bib La
In The King James Version
In Context
18Lè sa a, Seyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras.
Cross References
Exodus 34:9Li di: -Seyè! Si ou kontan m' vre, tanpri, mache avè nou non! Pèp sa a, se yon bann moun ki gen tèt di, se vre. Men, padonnen fòt nou yo ak peche nou yo. Asepte nou pou moun ki rele ou pa ou.
Deuteronomy 9:16Lè mwen wè nou te gen tan dezobeyi Seyè a, Bondye nou an, nou te gen tan kite chemen Seyè a te mete devan nou, nou te fonn metal, nou te fè estati yon ti towo,
Deuteronomy 32:27Men, mwen pa ta vle kite lènmi yo pran pye sou yo. Mwen pa ta renmen pou moun ki pa vle wè m' yo mete nan tèt yo se yo menm ak fòs kouraj yo ki fè sa, pou yo pa di: Seyè a pa gen anyen pou l' wè nan sa.
1 Kings 6:3Premye pyès devan an te gen kenz pye longè, trant pye lajè. Li te menm lajè ak kay la.
2 Chronicles 7:20lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase l' nan betiz, y'a fè chante sou li.
Nehemiah 9:36Jòdi a, nou tounen esklav nan pwòp peyi nou, nan peyi ou te bay zansèt nou yo, pou yo te ka pwofite rekòt tè a bay ak tout lòt riches ki ladan l'. Nou tounen esklav lakay nou!