Exodus 34:9
Li di: -Seyè! Si ou kontan m' vre, tanpri, mache avè nou non! Pèp sa a, se yon bann moun ki gen tèt di, se vre. Men, padonnen fòt nou yo ak peche nou yo. Asepte nou pou moun ki rele ou pa ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Lamenm, Moyiz prese bese tèt li byen ba jouk atè, li adore Bondye.
Cross References
Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
Exodus 33:3Ale. W'ap rive nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Men, se pa mwen menm menm ki prale ansanm ak nou, paske nou se yon bann moun ki gen tèt di, mwen ta ka touye nou sou wout la.
Exodus 33:13Bon, si ou kontan m' vre, tanpri, fè m' konnen lide ou gen nan tèt ou pou m' ka konnen ki moun ou ye, pou m' ka toujou fè ou plezi. Chonje tou, pèp sa a se pa ou li ye wi!
Exodus 33:16Lè ou gade byen, ki jan pou mwen fè konnen ou konsidere m' anpil, mwen menm ansanm ak pèp ou a? Eske se pa lè ou mache ak nou? Si ou mache ak nou, tout moun va rekonèt mwen menm ansanm ak pèp la, nou pa menm ak lòt pèp ki sou latè yo.
Deuteronomy 32:9Men, li chwazi pitit Jakòb yo pou li. Se yo ki pèp pa l' la menm.
Psalms 28:9Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan.