Joel 2:22
Nou menm zannimo nan savann yo, nou pa bezwen pè ankò: jaden zèb yo pral pouse byen bèl, pyebwa yo pral donnen, pye fig frans yo ak pye rezen yo pral bay bèl rekòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Nou menm jaden yo, nou pa bezwen pè ankò. Fè fèt, fè kè nou kontan, paske Seyè a fè anpil pou nou!
Cross References
Leviticus 26:4lè sezon an rive, m'a ban nou lapli. Konsa, tè nou va bay rekòt, pyebwa nan jaden nou va donnen.
Psalms 36:6(036:7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.
Psalms 65:13(065:14) Jaden yo plen zannimo. Jaden mayi kouvri tout fon yo. Fon yo kontan, y'ap chante sitèlman yo kontan.
Psalms 104:11Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo.
Psalms 107:35Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk.
Psalms 147:8Se li ki kouvri syèl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.