Joel 2:26
Nou pral manje plen vant nou. N'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 33:11Tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo, paske Bondye te beni m' anpil. Mwen pa manke anyen. Jakòb fòse Ezaou sitèlman, bout pou bout, Ezaou asepte.
Leviticus 26:5Lè sa a, nou p'ap anko fin bat ble, n'ap gen tan nan keyi rezen. Nou p'ap ankò fin keyi rezen, n'ap gen tan nan plante grenn. N'a gen kont manje pou nou manje, epi n'a rete nan peyi nou an san nou pa bezwen pè anyen.
Deuteronomy 6:11kote n'a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avèk pi byen fon nou pa t' fouye, avèk jaden rezen ak jaden oliv nou pa t' plante. Lè sa a, lè n'a fin manje plen vant nou,
Deuteronomy 12:7Se la, devan Seyè a, Bondye nou an, n'a fè fèt, n'a manje ansanm ak tout moun nan fanmi nou yo. Se la n'a fè kè nou kontan chak lè Seyè a va beni nou pou li te fè nou fè bèl rekòt.
Deuteronomy 12:18Men, se kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a, se la sèlman n'a manje ofrann yo devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm ak pitit gason nou, pitit fi nou, gason ak fanm k'ap travay lakay nou ak moun Levi ki rete nan mitan nou yo. Se la n'a pran nan ofrann nou te pote yo, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an.
Nehemiah 9:25Pèp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo, ak tout bon venn tè moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k'ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo.