Leviticus 26:5
Lè sa a, nou p'ap anko fin bat ble, n'ap gen tan nan keyi rezen. Nou p'ap ankò fin keyi rezen, n'ap gen tan nan plante grenn. N'a gen kont manje pou nou manje, epi n'a rete nan peyi nou an san nou pa bezwen pè anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
4lè sezon an rive, m'a ban nou lapli. Konsa, tè nou va bay rekòt, pyebwa nan jaden nou va donnen.
Cross References
Leviticus 25:18Se pou nou swiv lòd mwen ban nou yo, se pou nou kenbe tout kòmandman m' yo. Se pou nou swiv yo, se konsa n'a kapab viv nan peyi a san nou pa bezwen pè anyen.
Deuteronomy 11:15M'a fè anpil zèb pouse nan savann nou yo pou bèt nou manje. Konsa, n'a jwenn manje pou nou manje plen vant nou.
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Psalms 91:1Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Proverbs 1:33Men, moun ki koute sa m' di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen.
Isaiah 1:19Si nou dakò pou nou fè sa mwen di nou fè, n'a manje bèl rekòt peyi a va bay.