Joel 2:32
Lè sa a, tout moun ki va rele nan pye Seyè a va sove. Paske sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm va gen moun ki va chape, jan Seyè a te di l' la. Wi, tout moun Seyè a va chwazi, se yo ki va chape.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 50:15Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
Isaiah 10:22Menm si moun pèp Izrayèl yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen ase k'ap tounen. Wè pa wè, y'ap detwi pèp la. Se sa menm li merite.
Isaiah 11:16L'ap louvri yon gran chemen soti peyi Lasiri pou rès pèp li a k'ap viv laba a, menm jan li te fè l' pou pèp Izrayèl la jou yo t'ap soti kite Lejip la.
Isaiah 59:20M'ap vin sou mòn Siyon an pou m' delivre tout moun fanmi Jakòb yo ki va vire do bay peche yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 33:3Rele m', m'a reponn ou. M'a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pa t' janm konnen.
Obadiah 1:21Yo tout, y'a moute sou mòn Siyon an pou delivre l'. Se yo ki va gouvènen tout mòn Ezaou a. Lè sa a, se Seyè a menm ki va sèl wa.