Isaiah 11:16
L'ap louvri yon gran chemen soti peyi Lasiri pou rès pèp li a k'ap viv laba a, menm jan li te fè l' pou pèp Izrayèl la jou yo t'ap soti kite Lejip la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:26Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou lanmè a ankò. Dlo a ap tounen nan plas li, l'ap kouvri moun peyi Lejip yo ansanm ak tout cha yo ak kavalye yo.
Isaiah 19:23Jou sa a, ap gen yon gwo wout k'ap soti peyi Lejip rive jouk nan peyi Lasiri. Moun peyi Lasiri va vwayaje al nan peyi Lejip, moun peyi Lejip va vwayaje al nan peyi Lasiri. Tou de peyi yo pral sèvi Seyè a.
Isaiah 35:8Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a.
Isaiah 42:15Mwen pral ravaje tout mòn yo, gwo kou piti. Mwen pral fè tout plant yo ak tout pyebwa yo cheche. Mwen pral fè tè nan fon yo tounen sab lanmè pou bwè tout dlo larivyè yo. M'ap cheche lagon dlo yo.
Isaiah 49:12Gen ladan yo k'ap soti byen lwen. Gen sa k'ap soti nan nò. Gen sa k'ap soti bò solèy kouche. Gen lòt k'ap soti lavil Sinim nan sid.
Isaiah 57:14Lè sa a, Seyè a di: -Pare wout la pou pèp la tounen vin jwenn mwen. Mete ranblè. Wete tout bagay k'ap bare wout la devan pèp mwen an.