Joel 3:8
Mwen pral vann pitit gason ak pitit fi nou yo. Mwen pral lage yo nan men moun Jida yo. Yo menm, yo pral vann yo bay sabeyen yo ki rete nan yon peyi byen lwen. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Koulye a, mwen pral fè yo soti kote nou te vann yo a. Mwen pral fè nou sa nou te fè yo a.
Cross References
Deuteronomy 32:30Kouman ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri, pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak? Se sèlman paske Seyè a lage yo, paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo.
Judges 4:2Lè sa a, Seyè a te kite Jaben, wa peyi Kanaran an, mete pye sou kou yo. Jaben sa a t'ap gouvènen nan lavil Azò. Chèf ki t'ap kòmande lame Jaben an te rele Sisera. Li menm, li te rete lavil Awochèt-Goyim.
Job 1:15lè yon bann moun Seba tonbe sou nou, yo pran tout bèt yo, yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.
Isaiah 60:14Pitit moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese. Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou. Y'a rele nou lavil Seyè a, Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Ezekiel 23:42Apre sa, moun tande vwa yon pakèt gason manfouben k'ap pran plezi avèk yo. Se te yon bann malandren yo mennen soti nan dezè a. Mesye yo mete bèl braslè nan ponyèt medam yo ak bèl kouwòn sou tèt yo chak.