Jan 10:25
Jezi reponn yo: Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m'ap fè yo, se avèk otorite Papa m' m'ap fè yo. Yo pale pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m' yo.
Cross References
John 5:17Men, Jezi reponn yo: Se tout tan Papa m' ap travay. Mwen menm tou, m'ap travay.
John 8:12Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
John 8:58Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Abraram pa t' ankò fèt, mwen menm, mwen te la deja.
John 10:38Men, si mwen fè l', menm si nou pa ta vle kwè nan mwen, omwens kwè nan travay m'ap fè a. Konsa, nou ta tou konnen Papa a nan mwen, mwen nan Papa a.
John 12:37Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pa t' kwè nan li.
John 20:30Jezi te fè anpil lòt mirak ankò devan disip li yo, men nou pa rapòte yo nan liv sa a.