Jan 10:36
Mwen menm menm, se Bondye ki te mete m' apa pou li, se li ki voye m' sou latè. Ki jan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè m' di se pitit Bondye mwen ye?
Bib La
In The King James Version
In Context
35Nou konnen sa Liv la di, li di l' nèt. Tout moun ki resevwa pawòl Bondye, se bondye yo ye.
37Si m' pa fè travay Papa m' ban m' fè a, nou pa bezwen kwè mwen.
Cross References
Psalms 2:2Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.
Isaiah 11:2Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l' dirije. L'ap fè l' konn Seyè a, l'ap fè l' gen krentif pou li.
Isaiah 42:3Li p'ap kraze sa ki fèb yo. Li p'ap lage sa ki san sekou yo. Men, l'ap rann jistis jan sa dwe fèt.
Isaiah 49:6Seyè a di m' konsa: Wi, sèvitè m' lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Matthew 26:63Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?