John 10:4
Lè li fin fè yo tout soti, li mache devan yo; tout mouton yo swiv li paske yo konnen vwa li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Song of Solomon 2:8Mwen tande vwa mennaj mwen! Men l'ap vini. Li soti sou mòn yo, l'ap kouri desann timòn yo vin jwenn mwen.
Micah 2:12Men, m'ap reyini tout pitit Jakòb yo ansanm. M'ap ranmase tout ti rès ki rete nan moun Izrayèl yo. M'ap mennen yo ansanm tankou bann mouton k'ap tounen nan pak yo. Peyi a pral tankou yon savann plen mouton. Li pral plen moun ankò.
John 3:29Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l', l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt koulye a.
John 10:16Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò.
John 13:15Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.
John 18:37Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen.