Jan 11:51
(Kayif pa te di sa konsa non. Men, li te granprèt pou lanne a, konsa li t'ap fè konnen davans ki jan Jezi te dwe mouri pou tout jwif ki nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
50Nou pa wè li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou pèp la. Konsa tout peyi a va sove.
52Epi, pa sèlman pou jwif yo, men tou pou l' te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò.)
Cross References
Numbers 22:28Lè sa a, Seyè a bay bourik la lapawòl. Bourik la di Balaram konsa: -Kisa m' fè ou? Poukisa an twa fwa ou bat mwen konsa:
Numbers 24:14Balaram di Balak ankò: -Wi, koulye a mwen pral lakay mwen. Men, anvan m' ale, vini m' di ou kisa pèp Izrayèl la pral fè pèp ou a nan jou k'ap vini yo.
1 Samuel 23:9Lè David tande Sayil te fè lide vin atake l', li rele Abyata, prèt la, li di l' konsa: -Pote Bwat Bondye a vini!
Isaiah 53:5Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l' deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.
Matthew 7:22Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m': Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak.
John 10:15Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m', mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m' yo. Yo menm tou yo konnen mwen.