Numbers 24:14
Balaram di Balak ankò: -Wi, koulye a mwen pral lakay mwen. Men, anvan m' ale, vini m' di ou kisa pèp Izrayèl la pral fè pèp ou a nan jou k'ap vini yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 24:17Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo.
Isaiah 24:22L'ap mete yo ansanm nan prizon nan yon tonm. L'ap fèmen yo nan kacho. Apre yon bon tan, l'ap pini yo.
Jeremiah 49:39Men, nan jou k'ap vini apre sa yo, m'ap mete peyi Elam lan kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Daniel 10:14Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo.
Micah 6:5Ooo! Pèp mwen! Chonje sa Balak, wa peyi Moab la, te fè lide fè nou, ak ki jan Balaram, pitit Bèyò a, te reponn li! Chonje sa ki te rive nou nan vwayaj nou an, lè nou te fin kite Sitim, anvan nou te rive Gilgal! Chonje tout bagay sa yo pou nou ka konprann sa m' te fè pou delivre nou!
2 Timothy 3:1Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil.