Jan 11:9
Jezi di yo: Gen douzè de tan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite, paske li wè limyè k'ap klere tè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap kase pye l', paske li pa gen limyè nan li.
Cross References
Jeremiah 31:9Sou tout wout la y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo tounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite, jouk yo rive bò sous dlo yo. Mwen tankou yon papa pou pèp Izrayèl la. Efrayim se premye pitit gason m'.
John 9:4Toutotan fè klè toujou, se pou m' fè travay moun ki voye m' lan ban m' fè a. Talè konsa pral fè nwit, pesonn p'ap ka travay.