Jan 12:13
Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti al kontre li. Yo t'ap plede rele: Lwanj pou Bondye. benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Jezi te jwenn yon ti bourik. Li moute chita sou li, jan sa te ekri nan Liv la:
Cross References
Psalms 72:17Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.
Isaiah 44:6Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
Zephaniah 3:15Seyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Seyè a, wa pèp Izrayèl la, l'a nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò!
Matthew 23:39Paske, m'ap di ou sa: Depi jòdi a, nou p'ap wè m' ankò jouk lè a va rive pou nou di: Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la.
Luke 19:35Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do ti bourik la, yo fè Jezi moute sou li.
John 12:15Nou pa bezwen pè, nou menm ki nan lavil Siyon an. Gade, men wa nou an ap vini: Li moute yon jenn ti bourik.